reltext

Chapter 12

1 Lè David t'ap viv lavil Ziklag kote li te al kache pou Sayil, pitit gason Kich la, pa jwenn li, yon bann vanyan sòlda te vin jwenn li la pou ba l' konkou nan lagè a.

Original Hebrew

וְ/אֵ֗לֶּהו/א֗להוְ/אֵלֶּהו/אלהve./'E.lehand/ theseH9002H0428HC+Tm
הַ/בָּאִ֤יםה/בא֤יםהַ/בָּאִיםה/באיםha./ba.'Im[were] the/ [ones who] cameH9009H0935GHTd+Vqrmpa
אֶל\־אל\אֶל\־אל\'el-toH0413\H9014HR
דָּוִיד֙דויד֙דָּוִידדוידda.VidDavidH1732HNpm
לְ/צִ֣יקְלַ֔גל/צ֣יקל֔גלְ/צִיקְלַגל/ציקלגle./Tzi.ke.Lagto/ ZiklagH9005H6860HR+Npl
ע֣וֹדע֣ודעוֹדעודodstillH5750HAcmsa
עָצ֔וּרעצ֔ורעָצוּרעצור'a.Tzurkept backH6113HVqsmsa
מִ/פְּנֵ֖ימ/פנ֖ימִ/פְּנֵימ/פניmi./pe.Neifrom/ beforeH9006H6440GHR+Ncmpc
שָׁא֣וּלשא֣ולשָׁאוּלשאולsha.'UlSaulH7586GHNpm
בֶּן\־בן\בֶּן\־בן\ben-[the] son ofH1121A\H9014HNcmsc
קִ֑ישׁק֑ישקִישׁקישKishKishH7027GHNpm
וְ/הֵ֙מָּה֙ו/ה֙מה֙וְ/הֵמָּהו/המהve./He.mahand/ theyH9002H1992HC+Pp3mp
בַּ/גִּבּוֹרִ֔יםב/גבור֔יםבַּ/גִּבּוֹרִיםב/גבוריםba./gi.bo.Rim[were] among the/ warriorsH9003H1368HRd+Ncmpa
עֹזְרֵ֖יעזר֖יעֹזְרֵיעזרי'o.ze.Rei[who] helped ofH5826HVqrmpc
הַ/מִּלְחָמָֽה\׃ה/מלחמה\הַ/מִּלְחָמָֽה\׃ה/מלחמה\ha./mil.cha.Mahthe/ warH9009H4421\H9016HTd+Ncfsa

2 Yo tout te gen banza. Yo te gen ladrès pou voye wòch ak pou tire flèch ni ak men gòch ni ak men dwat. Se te moun branch fanmi Benjamen yo te ye tankou Sayil.

Original Hebrew

נֹ֣שְׁקֵינ֣שקינֹשְׁקֵינשקיNo.she.kei[they were] equipped ofH5401BHVqrmpc
קֶ֗שֶׁתק֗שתקֶשֶׁתקשתKe.shetbowH7198HNcfsa
מַיְמִינִ֤יםמימינ֤יםמַיְמִינִיםמימיניםmay.mi.Nimusing right [hand]H3231HVhrmpa
וּ/מַשְׂמִאלִים֙ו/משמאלים֙וּ/מַשְׂמִאלִיםו/משמאליםu./mas.mi.Limand/ using left [hand]H9002H8041HC+Vhrmpa
בָּֽ/אֲבָנִ֔יםב/אבנ֔יםבָּֽ/אֲבָנִיםב/אבניםba./'a.va.Nimwith <the>/ stonesH9003H0068GHRd+Ncfpa
וּ/בַ/חִצִּ֖יםו/ב/חצ֖יםוּ/בַ/חִצִּיםו/ב/חציםu./va./chi.Tzimand/ with <the>/ arrowsH9002H9003H2671HC+Rd+Ncmpa
בַּ/קָּ֑שֶׁתב/ק֑שתבַּ/קָּשֶׁתב/קשתba./Ka.shetwith the/ bowH9003H7198HRd+Ncfsa
מֵ/אֲחֵ֥ימ/אח֥ימֵ/אֲחֵימ/אחיme./'a.Cheisome of/ [the] relatives ofH9006H0251HHR+Ncmpc
שָׁא֖וּלשא֖ולשָׁאוּלשאולsha.'UlSaulH7586GHNpm
מִ/בִּנְיָמִֽן\׃מ/בנימן\מִ/בִּנְיָמִֽן\׃מ/בנימן\mi./bin.ya.Minfrom/ BenjaminH9006H1144G\H9016HR+Npm

3 Alatèt yo te gen Akyezè ak Joas, pitit gason Chema, moun lavil Gibeya, Jezyèl ak Pelèt, pitit gason Azmavèt, Beraka ak Jeou, moun lavil Anatòt,

Original Hebrew

הָ/רֹ֨אשׁה/ר֨אשהָ/רֹאשׁה/ראשha./Roshthe/ chiefH9009H7218HHTd+Ncmsa
אֲחִיעֶ֜זֶראחיע֜זראֲחִיעֶזֶראחיעזר'a.chi.'E.zerAhiezerH0295HHNpm
וְ/יוֹאָ֗שׁו/יוא֗שוְ/יוֹאָשׁו/יואשve./yo.'Ashand/ JoashH9002H3101LHC+Npm
בְּנֵי֙בני֙בְּנֵיבניbe.Nei[the] sons ofH1121AHNcmpc
הַ/שְּׁמָעָ֣הה/שמע֣ההַ/שְּׁמָעָהה/שמעהha./she.ma.'Ahthe/ ShemaahiteH9009H8094HTd+Ngmsa
הַ/גִּבְעָתִ֔יה/גבעת֔יהַ/גִּבְעָתִיה/גבעתיha./giv.'a.Tithe/ GibeathiteH9009H1395HTd+Ngmsa
וִ/יזִיאֵ֥לו/יזיא֥לוִ/יזִיאֵלו/יזיאלvi./zu.'eland/ JezielH9002H3149HC+Npm
וָ/פֶ֖לֶטו/פ֖לטוָ/פֶלֶטו/פלטva./Fe.letand/ PeletH9002H6404HHC+Npm
בְּנֵ֣יבנ֣יבְּנֵיבניbe.Nei[the] sons ofH1121AHNcmpc
עַזְמָ֑וֶתעזמ֑ותעַזְמָוֶתעזמות'az.Ma.vetAzmavethH5820IHNpm
וּ/בְרָכָ֕הו/ברכ֕הוּ/בְרָכָהו/ברכהu./ve.ra.Khahand/ BerachahH9002H1294GHC+Npm
וְ/יֵה֖וּאו/יה֖ואוְ/יֵהוּאו/יהואve./ye.Hu'and/ JehuH9002H3058KHC+Npm
הָ/עֲנְּתֹתִֽי\׃ה/ענתתי\הָ/עֲנְּתֹתִֽי\׃ה/ענתתי\ha./'a.ne.to.Tithe/ AnathothiteH9009H6069\H9016HTd+Ngmsa

4 Jismaja, moun lavil Gabawon, yonn nan trant vanyan sòlda yo ak yonn nan chèf yo, Jeremi, Jakazyèl, Joanan ak Jozabad, moun lavil Gedera.

Original Hebrew

וְ/יִֽשְׁמַֽעְיָ֧הו/ישמעי֧הוְ/יִֽשְׁמַֽעְיָהו/ישמעיהve./yish.ma'.Yahand/ IshmaiahH9002H3460GHC+Npm
הַ/גִּבְעוֹנִ֛יה/גבעונ֛יהַ/גִּבְעוֹנִיה/גבעוניha./giv.'o.Nithe/ GibeoniteH9009H1393HTd+Ngmsa
גִּבּ֥וֹרגב֥ורגִּבּוֹרגבורgi.Bora mighty [man]H1368HNcmsa
בַּ/שְּׁלֹשִׁ֖יםב/שלש֖יםבַּ/שְּׁלֹשִׁיםב/שלשיםba./she.lo.Shimamong the/ thirtyH9003H7970HRd+Ncmpa
וְ/עַל\־ו/על\וְ/עַל\־ו/על\ve./'al-and/ overH9002H5921A\H9014HC+R
הַ/שְּׁלֹשִֽׁים\׃ה/שלשים\הַ/שְּׁלֹשִֽׁים\׃ה/שלשים\ha./she.lo.Shimthe/ thirtyH9009H7970\H9016HTd+Ncmpa

5 Elouzayi, Jerimòt, Bealya, Chemarya ak Chefatya, moun lavil Awòf,

6 Elkana, Jichija, Azariyèl, Joezè ak Jakobeyam, nan branch fanmi Kore a.

7 Joela ak Zebadya, pitit gason Jewokam, moun lavil Gedò.

8 Konsa tou, nan branch fanmi Gad la, te gen moun ki te pati al jwenn David lè li te nan fò nan dezè a. Se te yon bann vanyan sòlda ki te gen ladrès nan fè lagè. Yo tout te gen plak pwotèj ak frenn. Yo te move tankou lyon, yo te konn kouri tankou kabrit nan mòn.

9 Premye a te rele Ezè, dezyèm lan Obadya, twazyèm lan Eliyab,

10 katriyèm lan Michmana, senkyèm lan Jeremi,

11 sizyèm lan Atayi, setyèm lan Eliyèl,

12 wityèm lan Jokanan, nevyèm lan Elzabad,

13 dizyèm lan Jeremi, onzyèm lan Makbanayi.

14 Mesye branch fanmi Gad yo te chèf nan lame a. Pi piti ladan yo a te vo san (100) sòlda, pi gran an te vo mil (1000) sòlda.

15 Se yo menm ki te janbe lòt bò larivyè Jouden an yon lè larivyè a t'ap desann nan premye mwa lanne a. Lèfini, yo fè tout moun ki te rete nan fon yo mete deyò, ni sou bò solèy leve, ni sou bò solèy kouche.

16 Nan branch fanmi Benjamen ak branch fanmi Jida yo te gen moun ki te vin jwenn David jouk nan fò kote l' te kache a.

17 David soti al kontre yo, li di yo: -Si se an zanmi nou vini pou ede m', m' byen kontan nou vin jwenn mwen. Men, si se pou nou trayi m' bay moun ki pa vle wè m' yo, mwen menm mwen konnen mwen pa fè ankenn mechanste, mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'. Bondye zansèt nou yo va wè sa, se li ki va pini nou.

18 Lè sa a, lespri Bondye desann sou Amasayi, chèf trant vanyan yo, li di byen fò: -Nou la avè ou, David! Nou kanpe avè ou, pitit Izayi! Kè poze pou ou ak pou moun k'ap ede ou yo! Paske Bondye te pote ou sekou! Lè sa a, David resevwa yo, li mete yo chèf nan lame li a.

19 Nan branch fanmi Manase a, te gen moun ki te vin jwenn David lè li te mete tèt ansanm ak moun Filisti yo pou goumen ak Sayil. Men, lè sa a, David pa t' bay moun Filisti yo ankenn konkou. Lè gwo chèf moun Filisti yo reyini pou koze sou zafè a, yo te pran desizyon di l' non mèsi, paske yo t'ap di li ta ka vann yo pou li te ka byen anko ak Sayil, mèt li.

20 Men moun nan branch fanmi Manase a ki te vin mete tèt ansanm ak David apre li te tounen lavil Ziglag. Se te Adnak, Jozabad, Jedyayèl, Mikayèl, Jozabad, Eliyou ak Siltayi, ki te chèf rejiman mil sòlda laba nan peyi Manase.

21 Se yo menm ki te ede David ansanm ak lame a, paske se te yon bann vanyan sòlda. Apre sa, yo te gwo chèf nan lame a.

22 Se chak jou moun t'ap vin jwenn David pou ede l'. Se konsa li vin gen yon gwo lame ak anpil anpil moun ladan l'.

23 Men kantite moun avèk zam pou fè lagè ki te vin jwenn David lavil Ebwon pou renmèt li gouvènman an nan plas Sayil, jan Seyè a te bay lòd la.

24 Nan branch fanmi Jida a, similwisan (6.800) gason avèk plak pwotèj yo ak frenn yo, tout byen pare pou fè lagè.

25 Nan branch fanmi Simeyon an, sètmilsan (7.100) vanyan sòlda byen pare pou fè lagè.

26 Nan branch fanmi Levi a, katmilsisan (4.600),

27 plis twamilsètsan (3.700) nan fanmi Mawon an ak Jeojada alatèt yo.

28 Te gen Zadòk tou, yon jenn vanyan gason ak vennde lòt chèf nan fanmi li.

29 Nan branch fanmi Benjamen an, fanmi Sayil la menm, twamil (3.000) gason. Pifò nan moun fanmi Benjamen yo te kanpe toujou avèk Sayil.

30 Nan branch fanmi Efrayim lan, venmilwisan (20.800) vanyan sòlda. Tout moun t'ap nonmen non yo nan fanmi yo.

31 Nan mwatye branch fanmi Manase a, dizwimil (18.000) gason yo te chwazi pou al mete David wa sou fotèy la.

32 Nan branch fanmi Isaka a, moun ki te fò nan konnen sa pou pèp Izrayèl la fè ak lè pou yo fè l', desan (200) chèf ansanm ak tout gason nan branch fanmi an ki te sou kòmandman yo.

33 Nan branch fanmi Zabilon an, senkantmil (50.000) sòlda ki konn mache fè lagè avèk tout kalite zam, epi ki te soti pou ede David ak tout kè yo.

34 Nan branch fanmi Neftali a, mil (1000) chèf ansanm ak trannsètmil (37.000) gason ak plak pwotèj ak frenn.

35 Nan branch fanmi Dann lan ventwimilsisan (28.600) sòlda.

36 Nan branch fanmi Asè a, karantmil (40.000) sòlda ki konn mache fè lagè.

37 Lèfini, nan branch fanmi Woubenn lan, nan branch fanmi Gad la, ak nan mwatye branch fanmi Manase a ki te lòt bò larivyè Jouden an te gen sanvenmil (120.000) gason ak tout kalite zam.

38 Tout sòlda sa yo, ki te tou pare pou fè lagè, te vin jwenn David lavil Ebwon ak tout kè yo. Yo te soti pou yo te fè l' wa sou tout peyi Izrayèl la. Tout rès pèp Izrayèl la te vini ak menm lide a tou: fè David wa.

39 Yo pase twa jou la ansanm ak David, yo t'ap manje, yo t'ap bwè, paske moun Izrayèl parèy yo te pare tout bagay pou yo.

40 Lèfini, moun soti nan tout vwazinaj la, jouk nan peyi Isaka, peyi Zabilon ak peyi Neftali, yo pote manje sou bourik, sou chamo, sou milèt ak sou bèf. Te gen pwovizyon farin frans, gato, fig frans, grap rezen chèch, diven, lwil ak kantite bèf, mouton ak kabrit. Tout pèp Izrayèl la t'ap fè fèt nan tout peyi a.