reltext

Chapter 61

1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David.

2 Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!

3 Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.

4 Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo.

5 Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.

6 Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.

7 Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò.

8 Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'. Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.